mercredi 4 mai 2011

LE GROUPE DES DOUZE ET LE CHOLÉRA COMMENTAIRES ET RECOMMANDATIONS

Rekòmandasyon Gwoup 12 Kandida pou pos Prezidan Dayiti yo sou Pwoblèm Maladi Kolera-a 10 janvye 2011

Lè nou konsidere dega ke maladi kolera a ap fè nan dis depatman peyi a, aprè anpil refleksyon nou menm gwoup 12 kandida pou pos Prezidan Dayiti yo, nou pran inisyativ devan tout Nasyon an ak kominote entènasyonal la, pou nou fè rekòmamdasyon sa a yo a moun kap dirije peyi a, pi espesyalman a Ministè Sante Piblik.

1. Nou mande Ministè Sante Piblik pou li pran prese prese lidèchip pwoblèm kolera nan peyi-a, pandan lap ranfòse biwo sante piblik ki nan dis depatman yo ak nan komin yo, pou yo kapab asire kòm sa dwa kodinasyon tout patne yo, dekwa pou aksyon yo ka rive jwenn tout moun kap viv nan seksyon kominal yo

2. Minis Santé Piblik la, dwe konvoke yon komisyon ekspè nasyonal ki avèk yon asistans teknik entènasyonal dwe travay san pedi tan sou yon pwogram nasyonal pou kombat maladi kolera a. Nan lang franse “ un Programme national de lutte contre le choléra” menm jan sa ye pou SIDA, pou Tibèkiloz ak Malaria

3. Nou di ke Pwogram sa-a dwe kouvri tout domèn ki gen rapò ak maladi kolera a. li dwe genyen objektif byen klè, ke tout moun ka kontwole, epi di konbyen lajan nap bezwen. Nap site kèk Domèn, men lis la kapab pi long

a. Dlo potab : Pwogram sa a dwe di ki sak pral fèt pou tout ayisyen jwenn dlo potab pou yo bwè ak fè sa yo bezwen, nan konbyen tan, ak konbyen lajan.
b. Asenisman : ki sak pral fèt pou tout fanmi genyen yon latrin, tout mache, tout lekòl, plas piblik, tout kote moun konn rasanble gen yon blòk sanitè, nan konbyen tan ak konbyen lajan.
c. Laswenyay pou malad yo: sak pral fèt pou tout medikaman kon seròm oral, grenn pou trete dlo elatriye rive nan tout seksyon kominal kom nan vil yo, nan konbyen tan ak konbyen lajan
d. Kondisyon pou byen trete malad yo: ki swen pou yo bay rad ak dra malad yo sèvi, kòman trete matyè fekal malad yo, ki sa pou yo fè ak kadav moun ki mouri yo elatriye
e. Pwogram nasyonal kont kolera a dwe genyen yon pwogram edikasyon ak kominikasyon avèk mesaj ki respekte kilti nou e ki adapte ak jan nap viv nan kominote nou yo, nan pwogram lan, nou dwe jwen konbyen lajan lap koute
f. Kontwòl tout laboratwa medikal nan zafè manipilasyon espesimen matyè fekal, Nan konbyen tan Ministè Lasante ap pran kontwòl tout laboratwa madikal yo, konbyen lajan li bezwen pousa.
g. Kòman repare impak negatif epidemi kolera a genyen sou ekonomi peyi a: ke seswa nan zafè lagrikilti, nan restoran nan lari, nan touris elatriye. Ki sa ki dwe fèt pou bay yon repons a pwoblèm sa a yo konbyen sa ap koute.

4. Pwogram nasyonal pou konbat kolera sa a dwe jwenn yon laj difizyon pou tout moun ki vle patisipe nan zafè kolera ka konnen genyen yon kad ofisyèl ki di sa ki gen pou fèt ak kòman li dwe fèt.

5. Gouvenman Repiblik la dwe itilize pwogram sa a pou tout entèvansyon lap fè devan bayè defon yo, devan peyi zanmi yo elatriye

6. Ajans Nasyon Zini nan zafè lasante kap travay nan peyi Dayiti, dwe fè yo yon sousi pou yo ede Peyi a, jwenn mwayen pou konbat maladi kolera sa a, kap simen dey ak dezolasyon nan peyi a

7. Ministè Sante Piblik dwe pran reskonsabilite l pou l mennen yon bon jan ankèt pou jwen kote maladi a soti epi pran tout mezi ki nesesè pou fini avèk fleo sa a.

8. Ministè Sante Piblik dwe mete sou pye yon komite pou asire swivi ak kontwòl egzekisyon pwogram sa a menm lè Gouvènman sa a ale.

Reyalizasyon pwogram sa a dwe pemet nou chanje malè pandje maladi kolera a, an yon chans pou peyi a, lè nan senkan, dizan, kenzan tout ayisyen va jwenn dlo potab pou yo bwè, kelke swa kote yap viv. Lè se yon pigran ka va rakonte yon pipiti ke moun te konn fè bezwen yo atè, ke bò tout mache piblik te konn genyen yon pil fatra, moun te konn depoze matyè fekal nan sache sou pil fatra sa a yo. Nou menm gwoup douz kandida yo se sa nou vle kom reparasyon pou tout milye moun ki mouri deja e ki kontinye ap mouri.

Nap pwofite pou nou di : ekip teknik nou yo dispoze pou pote konkou yo bay tout enstitisyon piblik kou prive kap travay san demagoji, san blof, pou kontwole maladi kolera a nan peyi a.

Anvan nou fini, nap di Ministè Sante Piblik pran dispozisyon poul mande OPS fè yon kanpe sou zafè vaksinasyon an, pou divès rezon

a. Maladi koklich, difteri, woujòl, tetanos ki genyen vaksen efikas, an kantite pou tout moun ta jwenn nou pa rive kontwole maladi sa a yo. chak enstan epidemi ap parèt nan peyi a paske moun nan seksyon kominal yo pa vaksinen. Nou pa vle mete apse sou klou.

b. Direktè Jeneral lasante a byen di vaksen kolera a pa twò efikas epi li chè, eske nap kab fèl rive nan tout seksyon kominal nou yo kote moun yo ap mouri pi plis paske pa gen lopital yo pa gen sant sante.

c. Direktè Jeneral lasante a di tou pa genyen kantite vaksen pou anpil moun ta jwenn, eske seksyon kominal yo pral genyen chans fwa sa a, eske vaksen sa a pral rive jwenn yo anvan, kant se yo ki pi ekspoze a maladi a.

d. Nou wè ke se matyè fekal pasi pala nan peyi a, ki pi gwo pwoblèm nou, lè lap kontamine sous dlo yo ak manje nap manje, lajan vaksen an nou kwè li ta bon pou OPS ta envestil nan pwoteksyon kèk sous dlo, nan konstwiksyon kèk latrin nan zòn riral nou yo.

Nap di tout moun mèsi pou atansyon ya bay a Rekòmandasyon sa a yo

Aucun commentaire: